JOU #1 (Jenez chapit premye a 4)

Bòn Ane 2026! Pandan n ap antre nan nouvo sezon sa a, mwen priye pou lapè Bondye antoure w; pou gras li soutni w; epi pou lafwa w vin pi fò chak jou.
Ane sa a, nou angaje nou pou nou li tout 66 liv nan Bib la nan 365 jou—yon jou alafwa. Lè nou li an mwayèn 3-4 chapit chak jou, nou pral vwayaje nan tout Pawòl Bondye a ansanm nan yon fason ki va posib pou nou reyalize l.
Objektif la se pa vitès, men se relasyon—pou nou bati lafwa nou, pou nou pwoche pi pre Bondye, epi tonbe damou pou Li e pou Pawòl li. Jan Women 10:17 raple nou, “Lafwa vini nan tande, epi tande vini nan pawòl Bondye.”
Kit ou fèk kòmanse li Bib la, oswa wap kontinye yon koutim kite la deja, ou byenveni isit la! Vini ak yon kè ouvè, epi kite Pawòl Bondye a fè sa Bondye te voye pou l fè a.
Se pou nou grandi nan ane sa—ansanm nap anrasinen nan Pawol la e grandi nan lafwa.
Se pou Pawòl Bondye a ranfòse lafwa ou; fè ou pwoche bò kote Li; epi gide ou nan chak jou nan ane sa a!
AN NOU KOUTE ANSANM…

Thank you for the invite, sister Geralda. Very enlightening. I will ask my kids to join as well.
LikeLike
Praise God! Thank you for your support and for sharing. Sharing with your kids would be a wonderful idea.
LikeLike
praise Almighty God.
this is awesome my love.
LikeLike