JOU #38 (Nonb chapit premye a chapit 2)

Felisitasyon, fanmi byenneme m yo! Jodi a nou va komanse lekti nou nan Liv Nonb. Premye lekti a va fet nan Nonb chapit premye a chapit 2. Ala yon benediksyon ak yon viktwa pou nou rete fidèl nan Pawòl Bondye a. Mwen louwe Bondye pou gras li, fidelite li, e deske li pèmèt nou rete anrasinen nan Pawol la ansanm. Tout glwa se pou Bondye!
Tanpri, an nou rete motive, an nou kontinye nan Pawòl la, epi pa bliye envite lòt moun nan bèl vwayaj lafwa sa a. Senyè a ap travay pandan n ap li, grandi, epi mache avè l—Ak lèd Bondye, nou va kontinye, yon jou, yon chapit alafwa.
Nou te we nan Levitik prensip Bondye te bay Moyiz pou Pep la, e yon seri de lwa ki pale de kijan pou pep Izrayel yo mennen yon vi apa pou Bondye.
Kounye-a nou pwal komanse nan Nonb. Nonb se yon liv resansman, e yon liv ki detaye 40 ane pep Izrayel te pase nan deze-a anvan yo te antre latepwomiz. Mwen swete nan ane sa, avek yon ke obeyisan, ou va lese Bondye gidew nan wout livle fe avek ou nan nouvo sezon sa!
AN NOU KOUTE ANSANM…
