Yon Nouvèl Ane nan Pawòl la!

JOU #28 (Levitik chapit premye a chapit 4)

Felisitasyon, fanmi byenneme m yo! Jodi a nou va komanse lekti nou nan Liv Levitik. Premye lekti nou va fet nan Levitik chapit premye a chapit 4. Ala yon benediksyon ak yon viktwa pou nou rete fidèl nan Pawòl Bondye a. Mwen louwe Bondye pou gras li, fidelite li, e deske li pèmèt nou rete anrasinen nan Pawol la ansanm. Tout glwa se pou Bondye!

Tanpri, an nou rete motive, an nou kontinye nan Pawòl la, epi pa bliye envite lòt moun nan bèl vwayaj lafwa sa a. Senyè a ap travay pandan n ap li, grandi, epi mache avè l—Ak lèd Bondye, nou va kontinye, yon jou, yon chapit alafwa.

Liv Egzod la te kouvri, soti pep Izrayel kite peyi Lejip; konstriksyon Tant lan; reg ak prensip Bondye te pase Moyiz pou transmet a pep Izrayel la. Prensip sa yo se te prensip egzistans yo kom pep Bondye.

Levitik menm vle di prensip pou viv nan Bondye. Nan Levitik nou jwenn yon seri de lwa ki pale de kijan pou pep Izrayel yo mennen yon vi apa pou Bondye. Viv apa pou Bondye se yon vi de sentete ke Bondye te vle pou pep li a. Mwen swete nan ane sa, Bondye va edew viv yon vi ki apa pou li tou!

AN NOU KOUTE ANSANM…

Leave a comment