Yon Nouvèl Ane nan Pawòl la!

JOU #16 (Egzod chapit premye a chapit 4)

Byenveni, nan sezyèm jou nan “Yon nouvèl ane nan Pawol la”. Mwen swete nou vini avèk yon kè byen dispoze pandan Sentespri Bondye la pou li anime nou.

Jodi a, nou kòmanse liv Egzòd la. Nou va li chapit premye a chapit 4.

Mo Egzòd la vle di “depa” oswa “chemen pou soti.” Li rakonte istwa pwisan de kijan Bondye delivre pèp li a—li te fè yo soti nan esklavaj epi mennen yo nan libète, gras a men puisan li. Egzòd pa sèlman yon istwa vre; men pito yon temwayaj de kiyès Bondye ye: yon Sovè, yon Bondye ki kenbe pwomès li, epi yon Bondye ki tande rèl pèp li a.

Sonje ke, menm Bondye ki te fè pèp li a soti nan peyi Lejip la se menm Bondye sa ki toujou kontinye fè wout pou pitit li.

AN NOU KOUTE ANSANM…

Leave a comment