JOU #15 (Jenez chapit 47 a chapit 50)

Felisitasyon, fanmi byenneme m yo! Jodi a nou rive nan dènye lekti nou nan Liv Jenèz la. Denye lekti aswea va fet nan Jenez chapit 47 a chapit 50. Ala yon benediksyon ak yon viktwa pou nou rete fidèl nan Pawòl Bondye a. Mwen louwe Bondye pou gras li, fidelite li, e deske li pèmèt nou rete anrasinen nan Pawol la ansanm. Tout glwa se pou Bondye!
Tanpri, an nou rete motive, an nou kontinye nan Pawòl la, epi pa bliye envite lòt moun nan bèl vwayaj lafwa sa a. Senyè a ap travay pandan n ap li, grandi, epi mache avè l—Ak lèd Bondye, nou va kontinye, yon jou, yon chapit alafwa.
Apre nou fin wè pwomès Bondye yo pran rasinn nan Jenèz, demen si Bondye vle, nou gen pou nou antre nan Egzòd, kote nou pral wè pwomès sa yo akonpli.
AN NOU KOUTE ANSANM…
